Chwa Metòd Elektwonik ? Modalite yo ? Tanpri li Modalite ak Kondisyon yo avèk anpil atansyon. Si ou chwazi pou antre nan metòd elektwonik nou, ou dakò avèk modalite ak kondisyon sa yo. Si ou pa dakò avèk okenn nan modalite ak kondisyon sa yo, ou pa ka antre nan chwa metòd elektwonik lan.
Nou rezève dwa pou chanje Modalite ak Kondisyon sa yo nenpòt kilè. Si ou kontinye patisipe nan metòd elektwonik lan, sa ap montre ou aksepte nenpòt chanjman nan Modalite ak Kondisyon yo.
Ki kondisyon pou materyèl ak lojisyèl? W ap bezwen gen aksè nan Entènèt ak yon kont imèl ki aktif nan moman an. Ou dwe peye pou nenpòt frè ki asosye oswa nenpòt frè founisè sèvis Entènèt ou reklame pou resevwa notifikasyon yo. Revize plan done ou yo anvan ou dakò pou resevwa notifikasyon elektwonik yo.
Depatman an p ap peye pou frè sa yo, epi li p ap remèt ou lajan ou peye a. Ki responsablite mwen genyen? Depi ou antre nan chwa metòd elektwonik, ou dwe fè nou konnen nenpòt chanjman ki genyen nan imèl ou. Ou dwe kite imèl ou aktif, epitou ou dwe kapab resevwa nouvo imèl. Pou fè sa, asire kont imèl ou gen ase espas pou resevwa imèl yo. Epitou, sèvè imèl ou ak lojisyèl blokè pouryèl ou pa bloke imèl nou yo. Nou pa responsab pou pwoblèm ki genyen nan imèl nou voye nan yon imèl ki aktif oswa ki pa aktif, sof si nou itilize imèl ki pa kòrèk. Ou dwe revize avi ou yo alè.
Avi Depatman bay yo gen enfòmasyon ki apwopriye pou tan konsènan benefis asistans piblik ou yo.
Kisa pou mwen fè si mwen vle resevwa avi mwen yo nan Sèvis Lapòs Etazini? Ou ka anile enskripsyon ou nan chwa metòd elektwonik lan nenpòt kilè. Depi ou anile enskripsyon ou, n ap voye tout fiti avi yo nan adrès postal ou nan Sèvis Lapòs Etazini (USPS). Nou p ap voye avi ki te disponib yo sou fòm metòd elektwonik. Ou kapab ale nan kont MyACCESS ou pou enprime avi anvan yo. Ou kapab kontakte nou tou nan 1-850-300-4323 pou mande yon kopi avi ou.
Kisa k ap pase si yon imèl retounen kòm yon imèl ki pa ale? Si yon imèl retounen kòm yon imèl ki pa ale, n ap voye yon vèsyon avi a sou papye pou ou. W ap anile enskripsyon ou otomatikman nan metòd elektwonik lan, epi n ap voye notifikasyon ba ou nan USPS pou fè ou konnen ou anile enskripsyon ou nan metòd elektwonik lan. Ou kapab re-enskri nan metòd elektwonik depi ou bay yon imèl korije, ki aktif nan moman an, epitou depi ou fè pwosesis enskripsyon an ankò nan Kont MyAccess.
Ki Avi m ap resevwa sou fòm elektwonik? Avi sa yo ap disponib pou wè nan Kont MyACCESS ou: Avi pou Randevou; Avi Randevou ki Rate; Avi Verifikasyon ki Obligatwa; Avi Ekspirasyon Kalifikasyon; Avi Desizyon sou Dosye; Avi Desizyon Negatif; Demann Kontak Kliyan; ak Avi sou 30 Jou. N ap voye avi tout lòt Depatman yo nan USPS.
Kijan m ap jwenn Avi mwen yo? N ap voye yon imèl ba ou avèk yon lyen ki mennen nan Sitwèb nou lè avi yo disponib pou revize. Ou gen responsablite pou konekte nan Kont MyACCESS ou pou wè avi a.
Chwa Elektwonik Si ou pa respekte Modalite ak Kondisyon yo, sa kapab lakòz nou anile chwa metòd elektwonik ou. Nou kapab pran mezi sa a selon yon desizyon Depatman nan nenpòt kilè. Nou kapab anile chwa metòd elektwonik lan pou rezon sa yo:
- Move itilizasyon enfòmasyon
- Chanjman nan sikonstans dosye a
- Tantativ pou mal itilize sistèm sa a
- Lòt rezon jan Depatman Timoun ak Fanmi (Department of Children and Families) defini yo
Kesyon ak Enkyetid Si ou ta gen nenpòt kesyon konsènan modalite ak kondisyon chwa metòd elektwonik lan, oswa si ou panse pwoblèm ou yo pa rezoud, tanpri kontakte nou gratis nan nimewo 1-850-300-4DCF (1-850-300-4323) pou jwenn lòt èd.